AN PIBLIK SHOW • Aktyalite ann Ayiti • Nouvèl entènasyonal • Politik • Ekonomi • Edikasyon • Espò • Kilti • Teknoloji • Envestigasyon espesyal • Entèvyou eksklizif • Analiz sou kestyon sosyal yo • Live TikTok chak semèn • Dosye espesyal sou kominote yo • Dènye enfòmasyon sou evènman k ap make aktyalite a • Opinyon piblik • Rapò espesyal sou sa k ap pase nan peyi a ak atravè lemond • Vizite sit la chak jou pou rete enfòme.

Rezime pwogram nan

• AN PIBLIK SHOW se yon espas kominikasyon, fòmasyon ak dyalòg piblik pou jèn ayisyen.

• Pwogram nan mete aksan sou lidèchip, edikasyon sivik, demokrasi, devlopman pèsonèl, devlopman lokal, bon gouvènans ak antreprenèchip.

• Objektif li se ede jèn yo vin sitwayen ki konnen dwa yo, respekte devwa yo, epi patisipe nan chanjman kominote yo.
Joseph Herode Saint Louis, CEO

VIZYON NOU

Bati yon jenerasyon jèn ayisyen ki enfòme, responsab, kreyatif epi angaje nan konstriksyon yon Ayiti kote leta dedwa, jistis, transparans ak pwoteksyon chak sitwayen vin tounen yon reyalite.

MISYON NOU

Bay bon jan enfòmasyon, fòmasyon ak espas dyalòg pou ankouraje jèn ayisyen yo devlope kapasite lidèchip, konprann valè demokratik yo, pran responsablite sitwayen yo, epi lanse aksyon konkrè pou devlopman kominote yo.

Objektif global ak objektif espesifik

Objektif global

Fòme, enfòme epi mobilize jèn ayisyen yo pou yo vin aktè chanjman nan kominote yo, atravè konesans, etik, patisipasyon demokratik, lidèchip responsab ak inisyativ ekonomik.
Objektif Espesifik

• Pwodui emisyon, atelye ak kontni edikatif chak mwa.

• Devlope kapasite jèn yo nan pale an piblik, analiz sosyal ak lidèchip.

• Ankouraje dyalòg sou demokrasi, bon gouvènans ak leta dedwa.

• Sipòte inisyativ jèn nan antreprenèchip ak devlopman lokal.

• Kreye yon rezo jèn volontè ki mennen aksyon kominotè.

7 aks prensipal pwogram nan

Chak aks sèvi pou konstwi sitwayen ki enfòme, itil, angaje.

Lidèchip se kapasite pou sèvi, enfliyanse pozitivman, pran desizyon ak pote lòt moun avanse. AN PIBLIK SHOW dwe
montre jèn yo lidèchip pa yon tit; se konpòtman, disiplin,
entegrite ak sèvis pou kominote a.

  • Fòme jèn ki ka òganize ekip ak aktivite kominotè.
  • Devlope kapasite pou kominike, pran responsabilite ak rezoud
    konfli.
  • Fè modèl lidè ki mete enterè piblik devan enterè pèsonèl.

Edikasyon sivik ede sitwayen konprann dwa, devwa, enstitisyon peyi a ak fason pou viv ansanm. Li bay jèn yo zouti
pou yo pa manipile, pou yo vote ak konsyans, epi pou yo defann byen komen.

  • Eksplike dwa ak devwa sitwayen yo nan langaj senp.
  • Fè emisyon sou Konstitisyon, komin, depatman, tribinal ak
    enstitisyon piblik.
  • Ankouraje respè lalwa, dyalòg ak responsablite sosyal.

Angajman sitwayen se patisipasyon aktif nan lavi kominote a: suiv dosye piblik yo, poze kesyon, sèvi kòm volontè, pwopoze solisyon epi travay ansanm pou amelyore kondisyon lavi.

  • Kreye klib oswa gwoup volontè AN PIBLIK SHOW.
  • Mete jèn yo nan aktivite netwayaj, sansibilizasyon ak sipò
    kominotè.
  • Fè dyalòg ant jèn, lidè lokal, lekòl, legliz ak òganizasyon.

Demokrasi mande patisipasyon, respè opinyon diferan, eleksyon kredib, libète lapawòl, kontwòl pouvwa ak
pwoteksyon minorite yo. Pwogram nan dwe fè demokrasi vin yon pratik chak jou.

  • Òganize deba edikatif san vyolans ni joure.
  • Montre diferans ant opozisyon, rayisman ak patisipasyon
    responsab.
  • Ankouraje jèn yo suiv aksyon otorite yo epi mande kont avèk
    respè.

Devlopman pèsonèl prepare jèn yo pou yo gen disiplin, objektif, konfyans, jesyon tan, etik travay ak kapasite pou kontinye aprann malgre difikilte.

  • Anseye jesyon tan, objektif, kominikasyon ak etik pwofesyonèl.
  • Bay modèl moun ki reyisi atravè travay, onètete ak pèseverans.
  • Kreye sesyon motivasyon ak mentora pou jèn yo.

Devlopman lokal vle di kominote yo idantifye pwoblèm yo, mobilize resous yo epi bati solisyon ki soti bò kote moun ki viv reyalite a. Jèn yo dwe wè tèt yo kòm motè chanjman lokal.

  • Mape bezwen kominote yo: lekòl, wout, sekirite, ijyèn, travay.
  • Ankouraje ti pwojè kominotè ki mezire rezilta yo.
  • Konekte dyaspora, antreprenè ak òganizasyon lokal pou sipòte
    inisyativ yo.

Bon gouvènans mande transparans, rann kont, jistis ak sèvis
piblik ki respekte moun. Antreprenèchip bay jèn yo lespri
kreyasyon valè, travay ak endepandans ekonomik.

  • Fè edikasyon sou bidjè piblik, koripsyon, sèvis leta ak rann kont.
  • Fòme jèn yo sou plan biznis, maketing, finans debaz ak sèvis
    kliyan.
  • Prezante antreprenè lokal kòm modèl pou lòt jèn yo.

Rejwenn kominote nou an jodi a

Ann fòme, ann enfòme, ann angaje pou yon Ayiti ki pi jis, pi
responsab, pi demokratik.

TikTok

Suiv nou sou TikTok pou pa rate tout nouvote ak moman deba live nou yo

YouTube

Aprann anpil sou Facebook gras a kontni eksplisit nou yo

Instagram

Suiv nou sou enstagram, resevwa nouvote nou yo, tout denye nouvel yo chak jou.

Our site uses cookies. By using this site, you agree to the Privacy Policy and Terms of Use.